Byenvini nan kominote Lekòl Biznis Pam 🌟
Kominote sa a te kreye ak yon objektif klè ak solid : ede jèn ak granmoun devlope konpetans antreprenarya, e-komès ak lidèchip, pou yo kapab lanse biznis yo, pran bon desizyon, epi bati yon avni ki estab ak dirab.
Isit la, nou kwè siksè pa vini ak chans, men ak konesans, disiplin, aksyon ak pèseverans. Se poutèt sa chak fòmasyon, chak pataj eksperyans, chak echanj nan kominote a fèt pou ede w pase nan yon lòt nivo, ni nan panse w, ni nan aksyon w.
Lekòl Biznis Pam se plis pase yon kominote :se yon espas aprantisaj, yon rezo sipò, ak yon sous motivasyon kote chak manm ankouraje lòt la pou avanse, grandi, epi reyalize objektif li.
Nou swete ou byenvini, siksè, ak pwogrè nan kominote sa a. Pran angajman ak tèt ou, kwè nan potansyèl ou, epi mache ansanm ak nou sou chemen reyisit la.
Ann grandi ansanm, ann bati ansanm, ann reyisi ansanm.