Les Veilleurs Silencieux
"Tout verite pa revele bay tout moun. Genyen ki chwazi chèche l."
Les Veilleurs Silencieux se yon lekòl inisyatik ki dedye ak etid ansyen tradisyon espirityèl, mistik, ak filozofik ki make listwa limanite.
Chak disiplin gen pwòp kou pa li, tankou:
• Franc-Maçonnerie
• Vodou Ayisyen
• Kabbalah
• Èmètis (Hermeticism)
• Gnostis
• Alchimi espirityèl
• Senbòl sakre
• Mitoloji ak ansyen sivilizasyon
• Relijyon konpare
• Meditasyon ak devlopman konsyans
• Ak anpil lòt chemen konesans.
Nou pa la pou di w sa pou kwè. Nou la pou ede w etidye, reflechi, poze kestyon, epi dekouvri sajès ki kache dèyè tradisyon yo.
Obsève. Reflechi. Konprann.