🌟 Learn & Earn
Learn & Earn se yon kominote ki fèt pou ede moun aprann konpetans dijital ki ka pèmèt yo fè lajan sou entènèt.
Nan kominote sa a, w ap jwenn fòmasyon senp, klè, epi pratik sou plizyè gwo platfòm tankou :
- 🛒 Walmart Marketplace
- 📦 Amazon (FBA / FBM)
- 🎵 TikTok Shop
📚 Sa w ap aprann
Kou yo fèt pou débutan ak moun ki vle grandi plis. W ap aprann :
- Kijan pou kreye epi mete kont vandè w an plas
- Kijan pou chèche bon pwodwi ki ka vann
- Kijan pou fè bon lis pwodwi (listing) ki atire kliyan
- Estrateji pou jwenn kliyan
- Kijan pou jere epi devlope biznis ou sou entènèt
💡 Objektif nou
Objektif Learn & Earn se :
👉 Ba ou konesans ou ka itilize dirèkteman
Men li enpòtan pou w konnen :
⚠️ Rezilta yo depann de kijan ou itilize sa w aprann yo.
Si ou aplike sa yo byen, ou kapab :
- Fè lajan anplis 💰
- Kreye yon biznis sou entènèt 📈
- Travay pou vin gen plis libète finansye 🚀