Nou tout gen rèv ki gran.
Nou tout gen objektif kap pran tan.
E nou tout gen aksyon nou dwe fè kap rapwoche nou de yo.
Pi bèl fizik.
Pi gwo kont bankè.
Relasyon ki pi solid.
Libète pou w viv jan w vle.
Nenpòt sa objektif pa w la ye a,
Gen yon bagay nou tout ap dakò sou li.
Lap mande ABITID.
Aksyon wap ka fè chak jou kap ogmante chans ou pou w jwenn rezilta wap chache a.
Se pou sa 🏆Daily wins la.
Chak moun ap ka:
- Detèmine ki aspè nan vi yo ke yo swete amelyore (Eg: Sante)
- Detèmine yon aksyon kap ka ede yo rete konsistan (Eg: Ale nan gym)
- Pataje prèv ke li fè aksyon sa avè nou chak jou. (Eg: Foto/Prèv li te fè espò)
Li ka plizyè kategori si w gen kapasite pou sa.
Men omwen, ou dwe gen yon grenn bagay wap eseye rete konsistan ladann.
Pou mwen, se 4 bagay:
- Sante - Fè egzèsis 6X pa semèn (Repo Dimanch)
- Lajan - Delivre bon sèvis pou kliyan mwen yo ka kontan (Ogmante revni)
- Relasyon - Rele moun ki konte pou mwen (Paran, fanmi, etc...)
- Levye - Poste yon bagay sou rezo sosyal (Instagram KAYZENN)
Chak jou, mwen ap kontinye pataje pwogrè yo ak nou.
E ou menm, kisa objektif ou yo ye?
Pataje yo kòm repons ak mesaj sa.
Epi kòmanse poste prèv konsistans ou yo nan chanèl sa depi jodia menm.