User
Write something
Pinned
Kisa 🏆 DAILY WINS ye?
Nou tout gen rèv ki gran. Nou tout gen objektif kap pran tan. E nou tout gen aksyon nou dwe fè kap rapwoche nou de yo. Pi bèl fizik. Pi gwo kont bankè. Relasyon ki pi solid. Libète pou w viv jan w vle. Nenpòt sa objektif pa w la ye a, Gen yon bagay nou tout ap dakò sou li. Lap mande ABITID. Aksyon wap ka fè chak jou kap ogmante chans ou pou w jwenn rezilta wap chache a. Se pou sa 🏆Daily wins la. Chak moun ap ka: 1. Detèmine ki aspè nan vi yo ke yo swete amelyore (Eg: Sante) 2. Detèmine yon aksyon kap ka ede yo rete konsistan (Eg: Ale nan gym) 3. Pataje prèv ke li fè aksyon sa avè nou chak jou. (Eg: Foto/Prèv li te fè espò) Li ka plizyè kategori si w gen kapasite pou sa. Men omwen, ou dwe gen yon grenn bagay wap eseye rete konsistan ladann. Pou mwen, se 4 bagay: 1. Sante - Fè egzèsis 6X pa semèn (Repo Dimanch) 2. Lajan - Delivre bon sèvis pou kliyan mwen yo ka kontan (Ogmante revni) 3. Relasyon - Rele moun ki konte pou mwen (Paran, fanmi, etc...) 4. Levye - Poste yon bagay sou rezo sosyal (Instagram KAYZENN) Chak jou, mwen ap kontinye pataje pwogrè yo ak nou. E ou menm, kisa objektif ou yo ye? Pataje yo kòm repons ak mesaj sa. Epi kòmanse poste prèv konsistans ou yo nan chanèl sa depi jodia menm. PS: Si w bezwen èd pou w idantifye kijan pou w fikse objektif ou, epi idantifye aksyon wap bezwen fè chak jou... Li atik sa avan: https://kayzenn.substack.com/p/bat-pou-w-pa-pran-nan-pyej-sa-si
Pinned
Byenvini! Yon kominote gratis pou ede w grandi.
Byenvini nan KAYZENN Tribe. Se yon kominote gratis kote nou pral aprann e grandi ansanm. Nap pale de plizyè sijè ke wap renmen, tankou: - Biznis Anliy - Travay Anliy - Pwodiktivite - Entèlijans Atifisyèl - Devlopman Pèsonèl Ak anpil lòt bagay... Poukisa mwen lanse kominote sa? Mwen remake manke resous nan kominote Ayisyen an pou moun ki ap kòmanse a zewo, e pou moun ki poko gen mwayen pou envesti nan edikasyon yo. Objektif mwen se ede yon maksimòm nan nou amelyore lavi nou. Kisa map jwenn an retou? Gwoup sa gratis pou yon rezon senp. Moun ki poko gen mwayen ap ka jwenn resous san yo pa depanse Moun ki gen konpetans e kap chache opòtinite ap ka travay avèm Moun ki gen biznis e ki vle jwenn èd mwen pou jwenn plis kliyan ap ka anplwaye ekip mwen Jis paske mwen rive fè enpak nan lavi yon moun, sa ap gen anpil valè pou mwen. E mwen kontan paske w rejwenn kominote sa. Byenvini nan KAYZENN Tribe. Respè, Duvenson (Kreyatè KAYZENN) PS: Kominote a nan nivo konstriksyon toujou. Mwen jis vle lanse avan nou 100% pare. Gen plis bagay kap vini!
1-2 of 2
KAYZENN Tribe
skool.com/kayzenn-tribe-5249
Leaderboard (30-day)
Powered by