Byenvini nan Freelance Kreyòl
Si w la a, se paske w vle fè premye pa w nan maketing òganik epi bati yon imaj de mak ki pale pou ou, dirèkteman depi nan telefòn ou. Ou nan bon plas la.
Isit la, nou avanse ansanm, chak moun nan ritm pa l, san presyon e san jijman. Kit ou kòmanse a zewo, kit ou gen eksperyans deja, ou ap jwenn plas ou.
Sa k ap tann ou isit la
📚 Fòmasyon an : nan seksyon Classroom nan, ou gen aksè a modil ki ap gide w etap pa etap
💬 Kominote a : yon espas pou poze kesyon, pataje viktwa w yo (menm ti viktwa yo!) epi enspire w ak lòt manm yo.
🎯 Sipò konkrè : kòmantè pèsonalize, resous ou ka telechaje
Ki kote pou w kòmanse?
- Prezante tèt ou nan kominote a : di nou kiyès ou ye, ki kote w soti, ak sa w vle reyalize.
- Ale nan Classroom nan epi kòmanse ak modil 1
Règ an lò nou yo
Respè ak bonte tout tan. Pa gen piblisite ni pwopozisyon san pèmisyon. Nou pataje, nou ede youn lòt, nou selebre pwogrè lòt moun.
Mwen vrèman kontan ou la. Nou kòmanse lè w vle! 🚀
— Chardly