Byenveni nan Dooke Tech Academy Dooke Tech Academy se yon kominote teknoloji pou moun ki vle aprann teknoloji nan pratik, devlope konpetans yo, epi konstwi sistèm ki mache toutbon.
Nou pa sèlman montre w teyori — nou montre w kijan pou w fè l.
Nan kominote a, w ap aprann:
🎥 Live Streaming — Kreye sistèm streaming pwofesyonèl pou legliz, biznis, evènman ak lòt pwojè.
💻 OBS & Streaming Tools — Aprann itilize OBS ak lòt zouti pou fè bon kalite transmisyon an dirèk.
🎬 Video Production & Editing — Amelyore kalite videyo ou epi aprann teknik ak zouti pou video editing.
🌐 IT & Networking — Konprann baz rezo ak teknoloji ki nesesè pou sistèm ou yo stab epi mache byen.
🎙️ Studio Setup — Aprann chwazi bon ekipman epi mete sou pye yon studio selon bezwen ak bidjè ou.
🛠️ Troubleshooting — Aprann idantifye ak rezoud pwoblèm teknik.
💬 Sipò & Kominote — Poze kesyon, jwenn repons, pataje eksperyans ou epi aprann ansanm ak lòt moun. Nou swetew byen vini.