Mwen vrèman enterese nan coaching lan, e mwen motive pou m suiv li seryezman. Sèl ti difikilte mwen genyen se orè travay mwen, paske mwen travay aswè. Mwen ta renmen konnen si ta gen posibilite pou nou jwenn yon orè ki pi adapte ak disponibilite mwen. Si sa posib, mwen ta apresye anpil swa yon coaching one-to-one avèk ou, swa posibilite pou yon lòt coach nan akademi an kapab travay avè m endividyèlman. Objektif mwen se vrèman pou m pa rate opòtinite sa a akoz schedule mwen, paske mwen dispoze fè efò ki nesesè pou m aprann, grandi, epi pwofite coaching lan a 100%.