𝐋𝐄𝐀𝐃𝐄𝐑𝐁𝐎𝐀𝐑𝐃𝐒. se espas ki montre nivo manm yo ak klasman moun ki resevwa plis pwen nan kominote a. Li fèt pou ankouraje patisipasyon, kontribisyon ki itil ak yon ti konpetisyon pozitif. 📌 𝐊𝐢𝐣𝐚𝐧 𝐬𝐢𝐬𝐭è𝐦 𝐩𝐰𝐞𝐧 𝐚𝐧 𝐟𝐨𝐧𝐤𝐬𝐲𝐨𝐧𝐞?. Lè yon lòt manm like yon pòs, kòmantè oswa repons ou ekri, ou resevwa 𝟏 𝐩𝐰𝐞𝐧. Like ou bay lòt moun pa ajoute pwen sou kont pa w; se like ou resevwa yo ki konte. 𝐏𝐥𝐢𝐬 𝐨𝐮 𝐫𝐞𝐬𝐞𝐯𝐰𝐚 𝐩𝐰𝐞𝐧, 𝐬𝐞 𝐩𝐥𝐢𝐬 𝐨𝐮 𝐦𝐨𝐧𝐭𝐞 𝐧𝐢𝐯𝐨: - Level 1: 0 pwen - Level 2: 5 pwen - Level 3: 20 pwen - Level 4: 65 pwen - Level 5: 155 pwen - Level 6: 515 pwen - Level 7: 2,015 pwen - Level 8: 8,015 pwen - Level 9: 33,015 pwen 𝐊𝐢𝐬𝐚 𝐦𝐨𝐧𝐭𝐞 𝐧𝐢𝐯𝐨 𝐚 𝐯𝐥𝐞 𝐝𝐢? Monte nivo vle di ou ap pwogrese nan kominote a grasa angajman lòt manm yo sou kontribisyon ou yo. Nivo ou montre kantite pwen ou akimile ansanm ak nivo patisipasyon ou nan gwoup la. Skool genyen𝟗 𝐧𝐢𝐯𝐨, soti nan Level 1 rive nan Level 9. Lè ou wè, pa egzanp, “𝟖𝟎𝟖 𝐩𝐨𝐢𝐧𝐭𝐬 𝐭𝐨 𝐥𝐞𝐯𝐞𝐥 𝐮𝐩”, sa pa vle di ou genyen sèlman 808 pwen. Sa vle di ou bezwen resevwa 𝟖𝟎𝟖 𝐥ò𝐭 𝐩𝐰𝐞𝐧 anvan ou rive nan pwochen nivo a. 𝐏𝐨𝐮𝐤𝐢𝐬𝐚 𝐲𝐨𝐧 𝐦𝐨𝐮𝐧 𝐭𝐚 𝐝𝐰𝐞 𝐦𝐨𝐧𝐭𝐞 𝐧𝐢𝐯𝐨? Monte nivo ka: ●Montre ou se yon manm ki aktif epi ki kontribye nan kominote a. ●Fè lòt manm yo remake pwofil ou pi fasil. ●Ogmante kredibilite ak prezans ou nan gwoup la. ●Ankouraje w kontinye pataje enfòmasyon ak eksperyans ki itil. ●Pèmèt ou debloke kèk kou, leson, resous oswa avantaj espesyal si administratè kominote a mete yo disponib pou yon nivo presi. ●Ede w mezire pwogrè ak patisipasyon ou nan kominote a. 📊 𝐊𝐢𝐬𝐚 𝐞𝐧𝐟ò𝐦𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐤𝐢 𝐬𝐨𝐮 𝐞𝐤𝐫𝐚𝐧 𝐚𝐧 𝐯𝐥𝐞 𝐝𝐢? 👤 𝐑𝐨𝐬𝐞 𝐁 — 𝐋𝐞𝐯𝐞𝐥 𝟔 Sa montre mwen rive nan nivo 6 nan kominote 𝐅𝐎𝐂𝐔𝐒 𝐆𝐄𝐍𝐄𝐑𝐀𝐓𝐈𝐎𝐍. 🔢 𝟖𝟎𝟖 𝐩𝐨𝐢𝐧𝐭𝐬 𝐭𝐨 𝐥𝐞𝐯𝐞𝐥 𝐮𝐩 Sa pa vle di mwen genyen sèlman 808 pwen. Sa vle di mwen bezwen resevwa 𝟖𝟎𝟖 𝐥ò𝐭 𝐩𝐰𝐞𝐧 pou m rive nan Level 7. 📈 𝐏𝐨𝐮𝐬𝐚𝐧𝐭𝐚𝐣 𝐤𝐢 𝐚𝐧𝐛𝐚 𝐜𝐡𝐚𝐤 𝐧𝐢𝐯𝐨 Chif tankou 𝟗𝟎% 𝐨𝐟 𝐦𝐞𝐦𝐛𝐞𝐫𝐬, 𝟒% 𝐨𝐟 𝐦𝐞𝐦𝐛𝐞𝐫𝐬 oswa 𝟏% 𝐨𝐟 𝐦𝐞𝐦𝐛𝐞𝐫𝐬 montre pousantaj manm kominote a ki nan chak nivo. 🔒 𝐊𝐚𝐝𝐧𝐚 𝐤𝐢 𝐬𝐨𝐮 𝐋𝐞𝐯𝐞𝐥 𝟕, 𝟖 𝐚𝐤 𝟗 𝐲𝐨 Sa vle di mwen poko rive nan nivo sa yo. Yo ap debloke otomatikman lè mwen jwenn kantite pwen ki nesesè a. Si administratè yo te asosye yon kou oswa yon avantaj ak yon nivo, li ka debloke lè manm nan rive nan nivo sa a.