Ou se yon flanbo, pa yon etensèl ki fèt pou disparèt nan fènwa. BonDye mete yon limyè nan ou pou li klere menm lè chemen an vin difisil. Pa kite dout, echèk oswa pawòl moun fè w etenn; pafwa, se nan mitan fènwa a se la limyè ou vin pi nesesè. Kontinye klere, paske prezans ou ka ede yon lòt moun jwenn chemen