Byenvini nan EP Akademi
Aprann | Aplike | Devlope.
EP Akademi se yon kominote aprantisaj an Kreyòl ki ede antreprenè ak moun ki vle kòmanse yon biznis devlope ladrès dijital ak e-commerce yo bezwen pou yo pase soti nan konesans pou rive nan aksyon.
Anndan kominote a, w ap jwenn:
✅ Fòmasyon sou baz esansyèl òdinatè ak entènèt
✅ Amazon FBA ak e-commerce
✅ Leson pratik ak resous
✅ Live coaching ak sipò
✅ Aktivite pou ede w aplike sa w aprann
✅ Yon kominote antreprenè k ap grandi ansanm
Premye etap ou se ale nan Classroom, kòmanse ak Start Here: EP Akademi Orientation, epi ranpli Digital Readiness Assessment la. Sa ap ede nou montre w chemen aprantisaj ki pi adapte ak bezwen ou.
Ou pa bezwen konnen tout bagay pou w kòmanse. Ou sèlman bezwen dispoze aprann, aplike epi fè pwogrè.