Atelye Biznis se yon platfòm edikasyon ak akonpayman ki ede antreprenè kòmanse, òganize, epi grandi biznis yo ak plis klète. Nou bay fòmasyon pratik, zouti, estrateji ak sipò sou sijè tankou e-commerce, AI, lavant, maketin, teknoloji ak devlopman biznis. Objektif nou se ede chak moun transfòme lide yo an yon biznis ki solid, pwofitab epi dirab.