AI Biz Academy se yon platfòm ki fèt pou ede ou konprann epi itilize AI pou kreye opòtinite sou entènèt. Nan yon epòk kote teknoloji ap evolye rapid, anpil moun tande pale de AI men yo pa konnen kijan pou itilize li pou fè lajan oswa grandi biznis yo. Se la nou antre.
Nan academy a, ou pral aprann kijan pou kreye kontni, bati biznis, epi itilize AI pou travay pi entelijan. Tout sa nou anseye baze sou metòd ki deja teste nan mond reyèl la.
Ou pa antre sèlman nan yon kou, ou antre nan yon kominote moun ki serye sou kwasans yo. Avèk live events, nouvo kontni chak mwa, ak challenge pou pouse ou aji, ou gen tout sa ou bezwen pou pase nan aksyon.
Si ou pare pou itilize AI pou avanse, AI Biz Academy se pou ou.