Activity
Mon
Wed
Fri
Sun
Oct
Nov
Dec
Jan
Feb
Mar
Apr
May
Jun
Jul
Aug
Sep
What is this?
Less
More
UNION ACADEMY
115
5.0
$67/m
41 contributions to UNION ACADEMY
🚨KLAS BIZNIS LLC PITA 8H PM! PA RATE KLAS SA
Pa bliye — nou gen Klas Biznis LLC jodi a Jedi @ 8:00 PM EST. Nap pale de biznis LLC, kijan pou mete biznis ou sou bon baz, ak estrateji pou bati kredi biznis ou. 🔗 Link: https://www.skool.com/live/XXVfQJ9kY7J Pa rate klas la, nap we pita!!
🚨KLAS BIZNIS LLC PITA 8H PM! PA RATE KLAS SA
0 likes • 8h
Mwen te eseye Monte nan klass lan, men mwen pat ka tande anyen. Son an te off mwen pa konnen pou ki rezon
🚨 DEBT COLLETION TEXT MESSAGE ? MEN KOMAN OU KA REPONN..
🚨 ANPIL FWA, company debt collection yo konn itilize plizyè taktik pou kontakte w epi fè w admèt ou dwe yo yon dèt. Youn nan taktik sa yo se voye text message 📱 (tankou egzanp ki nan imaj la). ⚠️ Fè atansyon ak sa ou reponn yo. Yon move repons ka fè sanble ou rekonèt dèt la. ✅ Men yon repons ou ka itilize: "I dispute this alleged debt and do not acknowledge liability. Please cease all communication with me except as required by law." Lè w voye mesaj sa a, ou fè yo konnen ou konteste dèt la epi ou pa admèt responsablite pou li. 📬 Si yo vle kontinye pouswiv reklamasyon an, yo dwe suiv lwa ki aplikab yo epi bay enfòmasyon ki nesesè pou sipòte reklamasyon yo. 💡 Yon lòt avantaj se ke li montre ou konnen dwa ou epi ou pa pral jis aksepte nenpòt reklamasyon san kestyon. Jis Kopye fraz sa a epi save li nan telefòn ou. Ou pa janm konnen kilè ou ka bezwen li! 📲💯
🚨 DEBT COLLETION TEXT MESSAGE ? MEN KOMAN OU KA REPONN..
1 like • 8h
Good to know Coach
#2 TEST QUIZ: GADE IMAGE SA E BAY REPONS PAW LA❓
GADE IMAGE SA E REPONN AK CHAK KESYON: 1. KI CLOSING DATE CARD SA? 2. KONBYEN LIMIT CARD SA YE? 3. KONBYEN LAJAN LI PA DWE KITE RAPOTE BAY EQUIFAX, EXPERIAN, TRANSUNION? 4. KI NOUVO BALANCE MOUN SA ? BAY REPONN PAW LA!!!!👇
#2 TEST QUIZ: GADE IMAGE SA E BAY REPONS PAW LA❓
1 like • 14d
1) 08/21/26 2) $500 3) $215 4) )284.26
2 likes • 14d
@Coach Michel 1) 08/27/26 2) $500 3) $215 4) )284.26
👨‍🏫TEST QUIZ: GADE IMAGE SA E BAY REPONS PAW LA❓
GADE IMAGE SA E, BAY REPONS PAW LA: 1. KONBYEN LIMIT KAT SA? 2. KONBYEN LAJAN MOUN SA DWE SOU KAT SA? @Marie Elsie Medy ou pa ladan.... 😅
👨‍🏫TEST QUIZ: GADE IMAGE SA E BAY REPONS PAW LA❓
3 likes • 14d
Limit lan se $500 Moun nan pa dwe kòb sou kat la, men pito li gen yon kredi de $20 sou kat la
3 likes • 14d
Men genlè rive twò ta 🤦🏾
🚨FICO SCORE 8 VS FICO SCORE 10T- NOTE/DIFERANS:
1️⃣ ENTWODIKSYON Pandan plizyè dizèn ane, FICO 8 se te score prensipal tout prete lajan (lenders) yo te itilize pou deside si w ka jwenn yon kat kredi, yon prè machin, oswa yon prè kay. Men koulye a, gen yon nouvo modèl k ap monte tanzantan: FICO 10T. Li pa ranplase FICO 8 nèt — pou kounye a, se sitou nan mond prè kay (mortgage) l ap parèt. 2️⃣ KÒ LESON AN A. Sa De Modèl Yo Genyen An Komen Anvan nou gade diferans yo, nou dwe konprann yo pa totalman diferan — yo pataje anpil bagay: - Toude gade menm kategori faktè yo — istwa peman, kantite w dwe, longè istwa kredi, nouvo kredi, ak melanj kredi - Toude gen apeprè menm pousantaj — istwa peman konte anviwon 35%, kantite w dwe anviwon 30%, longè istwa anviwon 15%, nouvo kredi anviwon 10%, e melanj kredi anviwon 10% - Toude itilize menm echèl score a — soti nan 300 rive 850 - Toude fèt pa menm konpayi a, Fair Isaac Corporation (FICO) — se pa de konpayi diferan k ap konpetisyone - Toude pran done nan menm twa ajans kredi yo — Equifax, Experian, ak TransUnion - Bagay debaz yo toujou konte pou toude — peman an reta, koleksyon, itilizasyon kredi twò wo, ak twòp nouvo kont ki louvri nan yon tan kout ka fè toude score bese 🚨B. Kisa FICO 8 Ye? FICO 8 se yon "foto" dosye kredi w. Li gade jan l ye JODI A, nan moman yo tcheke a — li pa gade istwa a sou tan. Si balans ou se $3,000 jodi a, se sa l gade, kèlkeswa kijan w te rive la. Se li ki byen etabli depi lane 2009, e se li ki toujou estanda a nan prèske tout kalite kredi. 🚨C. Kisa FICO 10T Ye? "T" nan FICO 10T vle di Trended (Tandans). Olye pou l gade yon sèl moman, li gade 24 mwa dèyè pou wè si balans ou ap monte oswa desann avèk tan. Sa vle di de moun ki gen menm balans jodi a ka gen score diferan — youn ki t ap peye desann tanzantan chak mwa ap gen avantaj sou lòt la ki te fè yon sèl gwo peman epi rete menm kote a. Anplis de sa, FICO 10T ka gade istwa lwaye (rental payment) ou tou, si sa disponib — yon bagay FICO 8 pa fè ditou. FICO di modèl sa a pi presi; li ka bay jiska 5% plis apwobasyon nan menm nivo risk, oswa jiska 17% mwens reta peman nan menm nivo apwobasyon.
🚨FICO SCORE 8 VS FICO SCORE 10T- NOTE/DIFERANS:
2 likes • 15d
Bon à Savoir!!!
1-10 of 41
Joseph Dalien
4
7 points to level up
@joseph-dalien-3909
Djo Dalien, from Haiti

Active 8h ago
Joined Jun 22, 2026
Powered by